Accessibility links

Breaking News

Wall Street Plonje nan Nivo ki pi Ba Depi plis pase Yon lane


A man walks past a bank's electronic board showing the Hong Kong share index in Hong Kong, May 6, 2022.
A man walks past a bank's electronic board showing the Hong Kong share index in Hong Kong, May 6, 2022.

Wall Street plonje nan nivo ki pi ba li depi plis pase yon lane lendi ak nouvo enkyetid konsènan ekonomi LaChin nan ki ajoute sou mache yo ki deja gen pwoblèm akoz to enterè k ap moute.

S&P 500 pèdi 2,3 pousan nan tranzaksyon ki fèt lendi apre-midi, kidonk 1,1 pousan apre li te fin soti nan 5èm semèn kote se pèt sèlman li t ap anrejistre, premye fwa sa te rive depi plis pase yon dizèn lane. Mache bousye yo ap desann toupatou nan mond la. Non sèlman aksyon yo pèdi valè nan tout Ewòp la ak anpil kote nan Azi, men tou se tout bagay ki pèdi valè, soti nan petwòl brut la nan ansyen ekonomi an pou rive nan nouvo ekonomi an ki baze sou bitcoin.

Dow Jones Industrial Average pèdi 374 pwen a 3:16 lendi apre-midi nan lè New York ak Ayiti, e Nasdaq pèdi 3,4 pousan kote se konpayi ki baze sou teknoloji, ki vann pifò aksyon yo nan mache bousye a.

XS
SM
MD
LG