Accessibility links

Breaking News

Biden Lanse yon Pwogram K Ap Ofri Sèvis Entènèt Bon Mache Ozetazini


 3일 조 바이든 미 부통령이 동북아 순방중 일본을 방문한 가운데 중국의 방공식별우려에 대해 언급했다.
3일 조 바이든 미 부통령이 동북아 순방중 일본을 방문한 가운데 중국의 방공식별우려에 대해 언급했다.

Administrasyon Biden nan anonse lendi ven (20) konpayi entènèt dakò pou yo mete a la dispozisyon moun ki pa gen gwo kòb yo sèvis entènèt a bon mache. Se yon pwogram ki ta kapab pèmèt plizyè milyon fanmi atravè Lèzetazini benefisye de sèvis entènèt gratis gras ak yon sibvansyon federal ki deja egziste.

Se yon pwogram global yon trilyon dola ke Kongrè a te vote ane pase a e ki gen ladan li 14 milya 200 milyon dola pou finanse “Pwogram Konektivite Abòdab la“, ki ofri $30.00 pa mwa ($75.00 nan milye kote tribi endyen yo abite) pou sèvis entènèt k ap benfisye pliyè milyon fanmi ki pa p touche gwo kòb.

Gras ak angajman konpayi entènèt yo, anviwon 48 milyon fanmi pral kalifye pou yo benefisye de plan $30.00 pa mwa k ap ba yo yon sèvis 100 megabit pa segond ou plis ke sa toujou. Konsa, y ap gen yon sèvis ki totalman gratis gras ak sibvansyon gouvènman an, si yo siyen pou sèvis la ak youn nan konpayi k ap patisipe nan pwogram nan.

XS
SM
MD
LG