Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Sispann pou Yon Lane Dwadedwàn sou Asye Ikrenyen an

President Joe Biden signs the Ukraine Democracy Defense Lend-Lease Act of 2022 in the Oval Office, May 9, 2022. Witnessing the signing are, from left, Rep. Elissa Slotkin, D-Mich., Vice President Kamala Harris, Sen. Ben Cardin, D-Md., and Ukraine-born Rep

Lèzetazini anonse lendi li sispann tarif sou 232 pwodui derive asye ikrenyen pou yon lane, nan kad efò l ap fè pou l patisipe nan relans ekonomi peyi a ke lagè ap ravaje. Minis Komès ameriken an, Gina Raumondo, ki t ap anonse desizyon pou elimine tarif yo, deklare:

“Nou pa ka rete ap admire tou senpleman fòs kouraj ak lespri pèp ikrenyen an –nou dwe apiye yo epi sipòte youn nan endistri ki pi enpòtan pou sante ekonomi Ikrèn nan. Pou izin asye yo kontinye reprezante yon sous de vi pou pèp ikrenyen an, yo dwe kapab ekspòte asye yo a.”

Malgre anpil izin asye sispann travay nan Ikrèn, Lèzetazini fè konnen kèk nan yo kontinye peye anplwaye yo, ba yo manje ak kay pou yo rete. Anpil nan yo relouvri pòt yo menm pandan batay ap dewoule tou pre yo.

XS
SM
MD
LG