Accessibility links

Breaking News

Uzbekistan parèt tèt li kòm yon peyi kle pou pale ak Taliban yo


Uzbekistan-Taliban talks are held in Kabul, Afghanistan, Oct. 7, 2021. (Photo credit: mfa.uz)
Uzbekistan-Taliban talks are held in Kabul, Afghanistan, Oct. 7, 2021. (Photo credit: mfa.uz)

Uzbekistan parèt tèt li kòm yon peyi kle pou pale ak Taliban, kote li angaje l ak vwazen li nan sid la sou yon pakèt sijè pandan l ap ensiste ke li pa pwal rekonèt ofisyèlman gouvènman pwovizwa Taliban an anvan kominote mondyal la.

Pozisyon delika sa a pèmèt li koumanse etidye opòtinite pou koperasyon ekonomik ak Kaboul san li pa ekate Etazini ak pwisans nan loksidan yo ki te chache izole Afganistan nan sezi byen peyi a ak nan enpoze lòt sanksyon.

Ismatulla Irgashev, reprezantan espesyal Prezidan Uzbekistan, Shavkat Mirziyoyev, di nan yon entèvyou nan Tashkent ke gouvènman li a ap "travay sere-sere" ak Taliban an. Li di, "Nou tabli kontak solid depi lontan, nou pale tout tan, e nou diskite sou koperasyon."

Li ajoute, Uzbekistan wè Taliban "kòm yon reyalite ke li dwe aksepte. N ap chache gen yon vwazen pasifik e stab. Nou pa wè lòt chwa. Nou pataje yon fwontyè, yon istwa ak yon kilti pwofon."

"Imajine sa k ap pase si nou pa angaje ansanm. ... Plis konfli, yon lòt gè sivil, plis san k ap koule, plis mizè, plis soufrans, plis menas pou vwazen yo ak kominote entènasyonal-la," se eksplikasyon reprezantan Prezidan Uzbekistan an.

XS
SM
MD
LG