Accessibility links

Breaking News

Biden, Prezidan Meksiken an Lanse Avètisman Kont Yon Ogmantasyon san Parey Imigran


Biden North American Summit
Biden North American Summit

WASHINGTON - Prezidan Joe Biden ak kòlèg meksiken li a, Andres Manuel Lopez Obrador, lanse yon avètisman kont “yon presyon san parèy” migran yo pral fè anvan lontan, sa ki anonse yon gwo tètchaje pou La Mezon Blanch anvan eleksyon mi-manda novanm pwochen an.

Apre 2 lidè yo te gen yon konvèsasyon telefonik, La Mezon Blanch pibliye yon deklarasyon ki di:

“An previzyon yon kantite san parey migran ki pral sòti toupatou nan emisfè a pou eseye antre nan 2 peyi nou yo, prezidan yo renouvle nesesite pou yo bati zouti ki pi solid pou jere ogmantasyon migran nan rejyon an.”

Rankont Biden-Obador la, ki te dewoule yon fason vityèl, montre efò Biden ap fè pou l oryante yon relasyon konplike nan direksyon yon baz pi kowoperatif apre yon sitiyasyon difisil, e pafwa chaje tansyon, ki te egziste sou adminitrasyon predesesè li a, Donald Trump.

XS
SM
MD
LG