Accessibility links

Breaking News

LaRisi Rekoumanse Pilonnen Vil Mariupol


Una vista muestra las tumbas de un civil asesinado durante el conflicto entre Ucrania y Rusia en la ciudad portuaria sureña de Mariupol
Una vista muestra las tumbas de un civil asesinado durante el conflicto entre Ucrania y Rusia en la ciudad portuaria sureña de Mariupol

LaRisi rekoumanse pilonnen Madi vil Mariupol ki anba syèj nan sid Ikrèn, kote 200 sivil rete bloke nan izin asye Azovstal menm lè Nasyon Zini fè konnen li evakye san danje 101 moun ki te nan izin nan.

Ajans nouvèl ris RIA rapòte ke ministè defans peyi a fè konnen fòs li yo t ap detwi kèk pozisyon kote moun t ap tire kout zam apre twoup Kyèv yo te pwofite yon kanpo ke l-ONU te negosye nan batay yo pou yo kreye nouvo fò tanporè pandan evakyasyon yon premye gwoup sivil t ap dewoule nan jou ki pase yo.

Pandanstan, LaRisi lanse atak sou lòt pati nan lès ak sid Ikrèn, kote li vize zam loksidan ke Etazini ak alye li yo te ekspedye nan Ikrèn pou ede fòs Kyèv yo nan batay kont envazyon LaRisi a ki deja dire 10 semèn.

XS
SM
MD
LG