Accessibility links

Breaking News

Céline Dion Ranvwaye Tout Konsè"Courage World Tour" li te Gen Poul fè Nan Ewòp Pou 2023


2015 Billboard Music Awards - Show
2015 Billboard Music Awards - Show

Celine Dion anonse ke se pou rezon sante li te ranvwaye tout konsè "Courage World Tour" li te pwograme an Ewòp ane sa a jiska 2023.

"Mwen santi mwen yon ti kras pi byen ... men mwen toujou gen spasm," chantèz la te fè konnen nan yon not pou laprès ke li te pibliye depi vil Paris nan La Défense Arena.

Chantèz la, ki gen 54-an te di"Mwen regrèt anpil ke mwne oblije chanje dat konsè "Courage World Tour" ke m te gen poum fè an Ewòp la. Se premye fwa nou te anile li akòz pandemi an, kounyea se akòz sante mwen".

"Pou jwe sou sèn mwen dwe anfom. Pou mwen onèt, mwen pa ka tann, pou m kapab monte sou sèn ankò ... Mwen ap eseye wè si mwen kapab tounen a 100% poum ka monte sou sèn".

Sispèsta Quebekwaz la te pale dirèkteman ak fanatik li yo nan yon videyo ke li te pibliye sou paj rezo sosyal li yo, kote li te mande eskiz ankò e li remèsye yo pou "lwayote" yo. Vwa li te tranble ak emosyon.

Celine Dion te bay premye 52 spectak nan toune a anvan kòmansman pandemi an, nan kòmansman ane 2020. Apre mwa janvye pase li te anile konsè sou Amerik di Nò akòz pwoblèm sante li.

XS
SM
MD
LG