Accessibility links

Breaking News

Mali Sispann Medya Odyovizyèl RFI ak France 24


RFI- France 24
RFI- France 24

Desisyon pou sispan 2 medya franse yo vin definitiv apre otorite yo nan Mali te deja sispann emisyon RFI ak Frans 24 depi mitan mwa Mas la .

France Médias Monde (FMM), ki se responsab RFI ak France 24, te reyaji nan yon kominike pou laprès, kote yo te "fèmman konteste mezi sa yo".

Gwoup la te di AFP ke li te resevwa notifikasyon sou desizyon sa a nan men gwo otorite ki responsab kominikasyon nan Mali Mèkredi.

"Nou pral kontinye kouvri nouvèl nan Mali ki enterese tout kontinan Afrik la ak rès mond lan. Nap fè tout sa nou kapab sou aspè teknik pou medya yo kapab aksesib a sitwayen nan Mali ki vle kontinye resevwa enfòmasyon gratis.

Gwoup la te kontinye pou di ke Estasyon an ak chanèl la te deja koupe depi mitan mwa mas " FM nou yo pou RFI ki se pou emisyon radio ak sispansyon emisyon nou ak operatè televizyon sou plas pou France 24".

Rezo sosyal 2 medya yo toujou rete aksesib e otorite Mali ka koupe yo.

- kriz diplomatik -

Jent milite a te bay lòd pou sispann 2 medya yo sou 17 mas apre RFI ak Frans 24 te pibliye enfòmasyon ke lame malyen an te enplike nan abi kont sivil yo.

Prezidan La Frans Emmanuel Macron te dekri desizyon an kom "grav".

Gouvènman malyen imedyatman te anonse ke li te inisye "yon pwosedi (...) pou sispann jiska nouvel lod tout emisyon" 2 medya piblik franse yo.

Depi lè sa a, France Médias Monde ap defann tèt li devan akizasyon difamasyon otorite mali yo mete sou do yo. Gouvènman malyen an konpare aksyon RFI ak France 24 menmjan ak wòl radyo Mille Collines te jwe nan Rwanda.

"Akizasyon sa yo, ki fè referans a radyo ki te ankouraje jenosid Tutsi nan Rwanda an 1994, anplis ke yo te totalman san fondman, yo trè grav ak chokan, akisasyon sa yo vle afekte entegrite RFI ak France 24 ansanm ak sekirite ekip yo".

Sispansyon final RFI ak France 24 vini pandan jent lame malyen an nan Madi nan lasware akize lame franse de "espyonaj" ak "subvèsyon" apre anplwaye jeneral franse a te emèt videyo ke yo te anrejistre avek Dron ki tou pre yon baz nan Mali .

Nan mitan plizyè seri kriz diplomatik ant Bamako ak Paris, Lafrans te anonse nan mwa fevriye retrè sòlda li yo ki te deplwaye nan Mali.

XS
SM
MD
LG