Accessibility links

Breaking News

Repiblik Afrik Santral Adopte Bitcoin kòm Pèman Legal nan Peyi a


FINTECH-CRYPTO/WEEKLY
FINTECH-CRYPTO/WEEKLY

Repiblik Afrik Santral, dezyèm peyi ki pi sou devlope nan mond lan dapre rapo Nasyonzini an, deside adopte bitcoin kòm lajan ofisyèl li ansanm ak franc CFA.

Otorite yo nan peyi a te legalize itilizasyon kriptolajan, dapre yon deklarasyon biwo prezidans lan te anonse Mèkredi, e gouvènman te asire tou ke Repiblik Afrik Santral se premye peyi sou kontinan Afrik ki fè sa.

Dapre yon deklarasyon Chèf Kabinè Prezidans lan, Obed Namsio te fè li te di ke Repiblik Afrik Santral la se "premye peyi an Afrik ki adopte bitcoin kòm yon lajan referans". Asanble Nasyonal la te vote lwa a a l "inanimite", depite yo te pwopoze lwa a "gouvène lajan kripto nan Repiblik Afrik Santral la" ak Prezidan Faustin Archange Touadéra te pibliye li.

Nan dat 7 septanm 2021, El Salvador te premye peyi nan mond lan ki te adopte bitcoin kòm lajan legal e Fon Monetè Entènasyonal (FMI) te imedyatman denonse yon desizyon danjere pou "estabilite finansye, entegrite finansye ak pwoteksyon konsomatè. "

Central African Republic's President Faustin-Archange Touadera presents his national statement as part of the World Leaders' Summit of the COP26 UN Climate Change Conference in Glasgow, Scotland, on Nov. 1, 2021.
Central African Republic's President Faustin-Archange Touadera presents his national statement as part of the World Leaders' Summit of the COP26 UN Climate Change Conference in Glasgow, Scotland, on Nov. 1, 2021.

Prezidans Repiblik Afrik Santral la la deklare ke "Apwòch sa a mete Repiblik Afrik Santral la sou kat peyi ki pi vanyan ak vizyonè nan mond lan".

XS
SM
MD
LG