Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: Apeprè 40 Peyi Rankontre an Almay


GERMANY-US-UKRAINE-RUSSIA-CONFLICT-DEFENCE
GERMANY-US-UKRAINE-RUSSIA-CONFLICT-DEFENCE

Apeprè 40 peyi rankontre Madi nan peyi Almay, sou demand Etazini.

Dapre Minis Defans Ameriken an Lloyd Austin objektif rankont chita se ede Ikrèn ranfòse defans li. Dapre Austin, Ikrèn "ka genyen" lagè kont Larisi, si yo jwenn mwayen ke yo bezwen yo.

Nan moman kote Larisi ap vize pou pran kontwòl tout rejyon sid peyi Ikrèn lan ak rejyon Donbass la, reyinyon sa a fèt nan baz aeryen ameriken an nan Ramstein, an Almay.

Austin te di apre li te retounen soti vizite Kyev ke baz ameriken ki nan Ramstein ap dedye pou "jenere kapasite adisyonèl pou fòs Ikrenyen yo".

XS
SM
MD
LG