Accessibility links

Breaking News

Jounen Mondyal Latè - Biden Siyen yon Lòd pou Pwoteje Ansyen Pyebwa Yo


President Joe Biden signs an executive order intended to help restore national forests devastated by wildfires, drought and blight, during an event at Seward Park on Earth Day, April 22, 2022, in Seattle.
President Joe Biden signs an executive order intended to help restore national forests devastated by wildfires, drought and blight, during an event at Seward Park on Earth Day, April 22, 2022, in Seattle.

Prezidan ameriken an, Joe Biden, chwazi jounen vandredi 22 avril la, Jou Mondyal Latè, pou l siyen yon lòd egzekitif (swa yon dekrè) pou pwoteje kèk nan pyebwa ki pi gwo, pi wo e pi ansyen nan peyi a. Dokiman sa a -ke prezidan an siyen nan Eta Washington- pral fè Sèvis Forè a, Biwo Jesyon Tèritwa ak Sèvis Pak Nasyonal la, obligasyon pou yo idantifye menas ki poze pou pyebwa ki ansyen yo -tankou dife forè sovaj ak chanjman klimatik- epi devlope politik pou pwoteje yo.

Pyebwa ansyen yo jwe yon wòl enpòtan nan lit kont chajman klimatik yo, paske yo absòbe yon gwo kantite diyoksid karbòn, yon eleman ki ogmante rechofmann planèt la. Savan yo fè konnen forè yo reprezante youn nan mwayen ki pi efikas nan lemond pou wete diyoksid kabòn nan atmosfè a.

Lòd egzekitif Prezidan Biden nan pral egzije responsab teren federal yo defini epi envantorye forè ki ansyen e ki fin granmoun atravè Lèzetazini --yo gen yon peryòd yon lane pou yo fè travay la. Desizyon sa a se yon gadfou k ap la pou pwoteje forè ameriken ke dife, sechrès ak maladi devaste pandan ane ki fèk pase yo.

XS
SM
MD
LG