Accessibility links

Breaking News

Yemen: Rebèl Houthi Dakò pou Wete Sòlda Timoun yo


FILE - United Nations spokesman Stephane Dujarric fields questions, at U.N. headquarters, June 20, 2017.
FILE - United Nations spokesman Stephane Dujarric fields questions, at U.N. headquarters, June 20, 2017.

Rebèl Houthi yo nan Yemen dakò pou yo wete pami yo timoun sòlda apre anpil timoun sa yo te goumen nan gè sivil la ki deja dire 7 lane, dapre sa Nasyon Zini anonse lendi.

Pòtpawòl l-ONU Stephane Dujarric fè konnen rebèl yo pran angajman pou yo idantifye timoun ki nan mitan yo e fè yo ale, yon bagay k ap pran 6 mwa pou pi plis.

Gouvènman Yemen ke kominote entènasyonal la rekonèt, k ap opere etan ann ekzil, te pran angajman menm jan an nan plizyè dokiman li te siyen depi 2014, dapre l-ONU.

Plis pase 10,200 timoun pèdi lavi oubyen estwopye nan gè a, dapre l-ONU. Li pa klè ki valè nan yo ki te konbatan.

XS
SM
MD
LG