Accessibility links

Breaking News

3 Fiziyad Dewoule Ozetazini pandan Wikenn Pak la


Members of law enforcement gather outside Columbiana Centre mall in Columbia, South Carolina, following a shooting, April 16, 2022.

Hampton, Kawolin di Sid - Nan Kawolin di Sid, otorite yo fè konnen yo lanse yon ankèt sou yon fiziyad ki fèt nan yon klib nan Awondisman Hampton byen bonè dimanch kote 9 moun te blese. Se 3èm fiziyad ki f èt sou anpil moun Ozetazini pandan wikenn Pak la. 3 ensidan vyolan sa yo, ki dewoule nan Kawolin di Sid, ak nan Pittsburg, nan Pennsilvani, koze lanmò 2 minè tandiske yo blese omwen 31 moun.

Divizyon Legal Eta Kawolin di Sid la, k ap mennen ankèt la, pibliye yon imèl kote li fè konnen pa gen moun ki mouri nan atak la ki dewoule byen bonè nan klib Cara Lounge, nan Awondisman Hampton. Nouvèl yo pa pale de gravite sitiyasyon moun ki blese yo. Awondisman Hampton sitiye sou yon distans apeprè 129 kilomèt ak vil Charleston. Otorite yo rele klib la nan telefòn, san okenn repons.

Pandansetan nan Pittsburg, 2 ti minè pèdi lavi yo tandiske 8 lòt moun omwens blese nan yon fiziyad ki fèt nan yon kay kote moun yo t ap fete. Fiziyad la, ki dewoule apre yon chirepit, rive vè mimui edmi nan yon kay moun lwe pou vakans e kote anviwon 100 moun te reyini –pi fo nan yo potko gen 18 tan, dapre kòmandan polis Pittsburg la, Scott Schubert.

Finalman, nan samdi 16 avril la, 14 moun te blese nan yon lòt fiziyad ki te dewoule nan yon sant dacha nan Columbia, kapital Kowolin di Sid. Viktim yo genyen ant 15 e 73 zan.

XS
SM
MD
LG