Alatèt Komite Federal Eleksyon nan Somali a, Muse Guelleh Yusuf, bat bravo pou evènman an, ki dewoule nan aewopò Mogadisio a ki anba gwo mezi sekirite, kòm "yon gwo akonplisman nan eleksyon ki dewoule nan Somali a."
Yusuf di, "Yon afè 290 palmantè prete sèman jodia e lòt yo ki ap soti nan eta Hirshabelle ak Jubaland ka prete sèman nan jou k ap vini yo."
Manm pi aje nan nouvo palman an, Abdisalan Dabana'ad, pwal sèvi yon fason ki pa ofisyèl kòm prezidan chanm nan jiskaske yo eli yon lidè ofisyèlman. Palman an pwal
koumanse preparasyon pou eli prezidan chanm nan e apre sa prezidan peyi a demen samdi a.