Accessibility links

Breaking News

Reyinyon nan Lamezonblanch - yon Siy Amitye Biden-Obama a

Prezidan Joe Biden gade ansyen Prezidan Barack Obama apre li finn siyen yon Lod Egzekitif pandan yon evenman ki gen rapo ak Lwa Swen Sante ki rele Affordable Care Act la nan Lamezonblanch, Washington, Madi 5 Avril 2022.

Dènye jou prezidans li, Barack Obama te siprann vis prezidan li nan epok la, Joe Biden ak Meday Prezidansyèl Libète a. Biden te pran kriye e li te site yon powèm W.B. Yeats ki di "Si'w reflechi sou ki kote glwa lèzom tanmen e fini, map di'w gla mwen se ke'm te gen zanmi konsa."

Obama retounen nan Lamezonblanch Madi pou premye fwa depi'l kite nan mwad Janvye 2021.

Responsab administrasyon Biden yo di reyinyon an souliyen yon amitye ki depase politik. "Yo se bon jan zanmi, pa sèlman zanmi nan stil Washington nan," sekretè de près Lamezonblanch la, Jen Psaki deklare.

XS
SM
MD
LG