Accessibility links

Breaking News

Gonayiv: Pwofesè ki Genyen Konkou Ministè Edikasyon an Mande Dokiman pou Kòmanse Travay


Pwofesè Gonayiv ki Ranpòte Konkou Ministè Edikasyon an Mande Dokiman pou Kòmanse Travay
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:05 0:00

Pwofesè Gonayiv ki Ranpòte Konkou Ministè Edikasyon an Mande Dokiman pou Kòmanse Travay

Anviwon yon douzèn pwofesè ki fè pati yon santèn lòt ki te reyisi nan konkou pou rekrite enspektè eskolè ministè edikasyon nasyonal ak OMRH te òganize nan tout depatman yo mande otorite edikasyon yo lèt promosyon yo pou ka komanse travay nan biwo district eskolè yo.

Yon Group pwofesè nan site endepandans la ki fè pati yon santèn lòt nan tout peyi a ki te reyisi nan yon konkou ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonel ( MENFP) ak ofis manajment résous zimèn (OMRH) ki responsab pou rekrite anplwaye leta a te òganize pou rekrite enspektè pou ranfòse biwo distri eskolè yo mande otorite edikasyon yo bayo lèt nominasyon oubyen pwomosyon kap abilité yo travay nan BDS ki nan zòn respektiv yo.

Anviwon 8 mwa aprè piblikasyon rézilta konkou sa a, enspektè yo di yo etone wè minis edikasyon an pa fè ankenn swivi pou finalize dosye a aloske anpil nan yo ki tap travay kòm pwofesè nan lekol privé deja pèdi kontra yo akoz responsab lekol sa yo konnen enspektè yo pap gen sifizaman tan pou kontinye fè kou nan lekol yo.

Enspektè yo ki mande entegrasyon yo prese prese di yo espere lantè ki gen pou finalize dosye a se pa manèv kap fèt pou fasilite politisyen entegre moun pa yo nan système nan, nan o detriman yo menm ki reyisi nan konkou a sou baz lalwa ki di kijan moun dwe entegre administrasyon piblik la.

XS
SM
MD
LG