Accessibility links

Breaking News

Joe Biden deklare Ap Tann Pou Wè Si LaRisi Ap Kenbe Pwomès Yo


President Biden signs antilynching law in Washington
President Biden signs antilynching law in Washington

Prezidan Etazini Joe Biden deklare ayè madi a nasyon alye yo nan loksidan ap tann pou wè si LaRisi ap kenbe yon pwomès pou diminye atak nan alantou kapital Ikrèn nan Kyèv ak vil Chernihiv nan nò a.

"Nou pwal wè si pwomès yo ap kenbe," se pawòl Biden apre li fin pale nan telefòn ak lidè yo nan Wayòm Ini, Frans ak Itali. Li di, "Sanble alye yo gen yon sèl pawòl ki se ann gade ki sa y ap ofri."

Biden te pale konsa ak jounalis nan Mezon Banch apre lame LaRisi a te di ayè madi-a nan dènye seri chita-koze lapè yo nan Turki ke li ta redui nan operasyon nan alantou Kyèv ak Chernihiv.

Minis Defans LaRisi Alexander Formin di aksyon sa a sete pou "ogmante konfyans" nan chita-koze ki vize mete fen nan batay yo.

XS
SM
MD
LG