Accessibility links

Breaking News

OMS: Lit Kont Tubekiloz la Rive nan Stad Kritik


FILE - A teacher wearing a face mask to protect against the spread of coronavirus checks the temperature of her student at Maestro Padilla school as the new school year begins, in Madrid, Sept. 7, 2021. With one of Europe's highest vaccination rates and i
FILE - A teacher wearing a face mask to protect against the spread of coronavirus checks the temperature of her student at Maestro Padilla school as the new school year begins, in Madrid, Sept. 7, 2021. With one of Europe's highest vaccination rates and i

Òganizasyon Mondyal Lasante bay avètisman pou di Lit kont Tibekiloz la rive nan yon stad kritik.

Li di pandemi COVID-19 la ranvèse pwogrè ki te fèt depi ane 2000 nan sove lavi moun anba malady enfektiez sa a. Pou premye fwa depi plis pase yon dizèn lane OMS di lanmò akoz tubekiloz te ogmante nan lane 2020 an.

Li ajoute apeprè 1 milyon 500 mil moun mouri ak tubekiloz pandan ane pandemic an akoz mank sèvis ak resous. Pifò moun yo mouri nan peyi an developman yo, pandan peyi ki te gen konfli yo nan ès Ewop la, nan Afrik ak Mwayen Oryan an te gen plis risk.

Direktè Pwogram mondyal Tibekiloz OmS la, Tereza Kaseva di yo bezwen 1 milya 100 milyon dola anplis pa ane pou develope nouvo zouti espesyalman nouvo vaksen pou reyalize objektif ki se mete fen nan Tibekiloz nan lane 2030 pou pita.

Li di envesti nan lut kont Tibekiloz la pa difisil pou reyalize lè nou gade avantaj ki genyen pou chak dola ki depanse.

OMS di finansman anplis sa a pral pèmet mond la trete 50 milyon moun ki gen TB pami yo 3 milyon 700 mil timoun e 2 milyon 200 mil moun ki gen Tibekiloz ki reziste kont medikaman. Responsab Oganizasyon mondyal Lasante yo di sa tap bon sitou pou timoun yo ak jèn adilt yo ki pa gen menm aksè ak granmoun yo nan swen ak prevansyon kont Tibekiloz.

XS
SM
MD
LG