Accessibility links

Breaking News

Somali: Plizyè Douzèn Moun Pèdi Lavi yo, Mèkredi Nan on Atak

Relatives and Somali government officials pray near the slain body of Amina Mohamed Abdi, a vocal critic of the government, who was killed in a suicide explosion in Beledweyne, at the Adan Abdulle International Airport international in Mogadishu, Somalia,

Lidè rejyon Hirshabelle nan Somali fè konnen plizyè douzèn moun pèdi lavi yo, mèkredi, nan atak ki fèt sou vil Beledweyne, pami yo yon manm palman Somali-a. E plizyè lòt moun pèdi lavi yo lè militan te ouvè kout zam sou yon aewopò nan kapital Somali a.

Nan yon diskou ki pase sou televizyon eta a, prezidan rejyon Hirshabelle la, Ali Gudlawe, di otorite yo ap rasanble enfòmasyon depi mèkredi swa sou viktim yo nan Beledweyne. Li fè konnen otorite yo konfime 48 mò ak 108 blese.

Atak yo te tanmen lè yon kamikaz ki te gen yon vès eksplozif sou li te sote tèt li nan katye jeneral gouvènman lokal la. Pita, yon lòt kamikaz ak bonm te kondi yon machin chaje ak eksplozif antre nan yon foul moun ki te rasanble pou ede moun ki te blese nan premye atak la.

Yon lòt kote, 2 nèg ame te ouvè kout zam nan prensipal aewopò kapital la Mogadisio mèkredi, kote 6 moun pou pi piti pèdi lavi yo anvan nèg ak zam yo te mouri anba bal gad sekirite yo.

Gwoup militan al-Shabab revendike responsablite pou atak nan 2 vil yo.

XS
SM
MD
LG