Accessibility links

Breaking News

Chomaj Ozetazini Bese nan Nivo pi ba Depi 52 Lane


Joe Biden speaks about the January jobs report
Joe Biden speaks about the January jobs report

Kantite ameriken ki aplike pou benefis chomaj semen pase a bese nan nivo ki pi ba li janm rive depi 52 zan nan moman mache travay la nan Etazuni kontinye montre fòs li nan mitan pri kap ogmante ak yon pandemi kowonaviris kap kontinye.

Aplikasyon pou benefis chomaj konstate yon rediksyon 28 mil pou-l rete nan 187 mil pou semèn ki fini nan dat 19 Mas la , pi ba li janm rive depi septanm 1969, dapre sa depatman travay rapote yè jedi a. Moun ki aplike pou premye fwa pou asistans chomaj jeneralman ale selon kantite moun travay yo voye chita lakay yo.

Mwayèn pou asistans chomaj nan 4 semèn, ki konpanse pou enstabilite chak semèn-nan bese nan nivo ke moun pat wè depi 5 dizen lane. Depatman travay rapote ke mwayèn 4 semèn-nan desann nan 211 mil 750 konpare a semen anvan an kote li te 223 mil 250.

An tou 1 milyon 350 mil ameriken tap kolekte benefis chomaj nan semèn ki fini 12 Mas la, yon lòt bèss ke peyi a pa wè depi 5 dizèn lane.

Mwa sa a, gouvenman an te rapòte ke antrepriz yo te ajoute yon gwo kantite 678 mil djob nan mwa fevriye pase, pi gran kantite yo janm anrejistre pou yon mwa depi Juyè ane pase. Nivo chomaj la desann nan 3 vigul 8 pousan soti nan 4 pousan li te ye nan mwa janvye a; sa ki prolonje yon gwo bèss nan chomaj la ki rive nan nivo ki pi ba depi anvan pandemic an te komanse, sa gen 2 zan.

XS
SM
MD
LG