Accessibility links

Breaking News

Nasyonzini: Tribinal Entènasyonal Jistis la Bay lòd pou Larisi Sispann Imedyatman Operasyon Militè li Nan Ikrèn


BELARUS-RUSSIA-DEFENCE-ARMY
BELARUS-RUSSIA-DEFENCE-ARMY

Tribinal Entènasyonal Jistis la (ICJ), ki se pi wo tribinal nan Nasyonzini an, te bay lòd pou Larisi sispann imedyatman operasyon militè li nan Ikrèn.

Tribinal la, ki nan Hague, nan La Oland, te pran desisyon sila kont peyi Larisi nan fen odyans lan Anton Korynevych ki se te reprezantan an nan Ikrèn te deklare "Larisi dwe aji" pou li respekte desizyon tribinal sa imedyatman.

Jijman ICJ yo obligatwa epi yo pa ka fè apèl, men tribinal la pa gen mwayen pou fè Larisi respekte Jijman yo.

jij Joan Donoghue prezidan ICJ te di "Federasyon Larisi a dwe imedyatman sispann operasyon militè yo li te kòmanse nan dat 24 fevriye 2022 sou teritwa Ikrenyen an".

XS
SM
MD
LG