Accessibility links

Breaking News

Administrasyon Biden lan Ankouraje yon Ankèt pou Konnen si Larisi ta Komèt Krim Lagè


Russia Ukraine War
Russia Ukraine War

Administrasyon ameriken an ankouraje yon ankèt pou konnen si wi ou non larisi ta komèt krim de gè pandan operasyon militè l ap mennen ann ikrèn. Akizasyon sa yo pa anpeche Larisi kontinye lanse atak ayeryen sou enstalasyon sivil ikrenyen.

Administrasyon ameriken an avèti pou di Moskou sanble, nan sa obsèvatè yo dekri, ta komèt krim lagè nan peyi Ikrèn. Avètisman sa a lanse kèk èd tan apre rankont diplomatik wo nivo an tiki ant larisi ak ikrèn sou gè a echwe.

Pòt pawòl Depatman d Eta a Ned Price deklare etazini gen rapò kredib ki ta fè kwè solda ris yo ta lanse atak delibere sou popilasyon sivil la ke konvansyon vyèn nan konsidere kòm krim de gè. Larisi demanti ke solda l yo sible sivil pandan operasyon l ap mennen nan plizyè vil ikrenyen.

Vis Prezidan ameriken an Kamala Harris ki t ap bay yon konferans de près konjwen ak prezidan polonè a andrzej duda di li sipòte yon ankèt Nasyonzini sou envazyon larisi a ann ikrèn pou gade akizasyon vyolasyon dwazimen, abi ak lòt krim ki ta komèt pandan envazyon an. Prezidan polonè ajoute pou nou menm ris yo komèt krim de gè ann Ikrèn.

Konsènan atak ki fèt sou yon lopital nan Mariupol Larisi konsidere deklarasyon an kòm fo nouvèl e ke building nan se te yon ansyen lopital matènite ke solda ikrenyen yo okipe depi lontan.

Yon ankèt amnisti entènasyonal reyalize sou atak ayeryen larisi mennen 3 mas pase a nan Chernihiv ki touye 47 sivil kapab konsidere kòm krim de gè.

Pandanstan, administrasyon ameriken anonse etazini, unyon ewòp la ak 7 peyi endistriyalize yo adopte yon seri etap pou revoke estati komèsyal preferansyèl Larisi poutèt li anvayi Larisi dapre medya ameriken yo-yon desizyon ki louvri wout la pou etazini ak alye l yo enpoze tarif dwanye sou enpòtasyon pwodui ris yo.

Ivana Stradner, yon responsab nan american enterprise institute pale pou di nou wè sivil yo ki mouri. Yo itilize za m ki kontrè ak lwa entènasyonal. Donk gen ase prèv nou kapab itilize pou montre Larisi komèt krim de gè. Responsab la ajoute 2 tribinal ki gen pouvwa jije pou krim de gè ( tribinal jistis entènasyonal ak tribinal kriminèl entènasyonal) limite nan travay yo kapab fè. Se konsèy sekirite a ki kapab refere dosye krim de gè devan tribinal entènasyonal la –yon desizyon k ap difisil etan done pouvwa veto Larisi genyen nan konsèy sekirite a.

Larisi, Ikrèn ak etazini pa peyi siyatè estati tribinal ki tabli tribinal kriminèl entènasyonal la menm si Ikrèn aksepte jiridiksyon tribinal la.

XS
SM
MD
LG