Accessibility links

Breaking News

COVID: United Airlines Dakò pou Anplwaye li yo Retounen Travay San Pran Vaksen


United Airlines Fraud Settlement
United Airlines Fraud Settlement

United Airlines, se premye konpayi ayeryen Ameriken ki te enpoze egzijans vaksen kont COVID-19 la. Kounyea, li pral pèmèt anplwaye li yo retounen nan travay san yo pa vaksinen pandan ke otorite Ameriken yo ap pwolonje obligasyon pou moun mete mask nan avyon yo.

Scott Kirby, chef antrepriz la mete vaksinasyon obligatwa pou tout moun ki te vle kontinye travay avek United Airlines nan mwa janvye 2021.

Nan kòmansman mwad Out, li te mande pou tou anplaye bay prèv avan fen mwa septanm nan pou montre ke yo vaksinen , oswa mande yon egzanpsyon pou rezon medikal ou rezon relijye.

Gwoup la te revoke plis pase 200 anplwaye epi akòde anviwon 2,200 egzanpsyon bay plizyè anplwaye.

Yo te ba anplwaye yo opòtinite pou yo travay san yo pa pran kontak dirèk ak kliyan yo, e gen kèk nan yo ki te chwazi pran konje san peye.

"Nou planifye pou n akeyi retou anplwaye sa yo ke nou te akòde akomodasyon nan pozisyon nòmal yo apati de 28 mas," gwoup la di nan yon mesaj li voye bay anplwaye yo jedi.

"Natirèlman, si yon lòt varyan kowonaviris la parèt oswa si tandans yo (sou kantite kontaminasyon oswa kantite moun ki entène lopital ki lye ak COVID) toudenkou ranvèse, nou pral re-evalye pwotokòl sekirite ki apwopriye yo".

Otorite Ameriken yo te pwolonje an menm tan 2 mwa anplis -- kidonk jiska 18 avril -- obligasyon pou moun mete mask lè yo pran transpò piblik, tankou avyon, otobis ak tren.

XS
SM
MD
LG