Accessibility links

Breaking News

Etazini: Yon Plan Pou Kontwole COVID-19


FILE - Nurse Jordan Ledbetter performs a test for COVID-19 outside the Marion County Health Department in Hamilton, Alabama, Feb. 15, 2022.
FILE - Nurse Jordan Ledbetter performs a test for COVID-19 outside the Marion County Health Department in Hamilton, Alabama, Feb. 15, 2022.

Mezon Blanch pibliye yon plan mekredi 2 Mas la pou kontwole Covid-19, k-ap pèmèt ameriken yo ka vanse san danje ak lavi yo san yo pa oblije fèmen ni lekol ni biznis yo.

Plan sa a ki gen 96 paj mande pou Kongrè-a bay plis lajan pou nouvo faz sa-a nan pandemi a.

Prezidan Joe Biden te bay yon apèsi sou li madi swa nan diskou sou eta Unyon an. Li anonse ke apati semèn k-ap vini an pral gen plis tès rapid gratis sou entenèt la.

Pita mwa sa a, klinik famasi yo pral kapab bay grènn anti-viral ke moun ki teste pozitif ka pran tousuit.

Prezidan Biden di nan diskou a "nou lanse pwojè 'Tès pou Trete' a pou moun ka al fè tès nan yon famasi. E si yo pozitif, yo ka resevwa grènn antiviral la sou plas e gratis."

Plan sa a gen ladann tou produksyon an mass apeprè 1 milya doz vaksen chak ane ankake ta gen yon nouvo variant ki parèt. Yo pwal distribye nouvo fòmul sa a nan 100 jou pou pita apre sektè sante a fin detekte yon nouvo varyan. Plan an gen ladann tou distribusyon mondyal vaksen, yon fason pou yo ka abòde varyan yo nan lavni sou yon echèl mondyal .

Plan an pral mande plis fon sou tèt 1 trilyon 900 milya dola ke Kongrè-a te apwouve pou pwogram sekou anba COVID la ane pase.

Gouvènman an depanse lajan sa a pa mwayen kontra. Otorite yo pa di konbyen lajan yo pral bezwen pou nouvo plan sa a.

XS
SM
MD
LG