Accessibility links

Breaking News

Eta Islamik Konfime Lanmò Nimewo 1 li, Nonmen Yon Siksesè


ISIS Leader Amir Muhammad Said Ablad-Rahman Al-mawla رهبر داعش، امیرمحمدسعید عبدالرحمن المولا
ISIS Leader Amir Muhammad Said Ablad-Rahman Al-mawla رهبر داعش، امیرمحمدسعید عبدالرحمن المولا

Plis pase yon mwa apre ke Lèzetazini te anonse ke li te elimine nimewo 1 an nan yon operasyon nan La Siri, Òganizasyon Eta Islamik la (IS) finalman konfime lanmò lidè li Abu Ibrahim al-Hachimi al-Qurachi, e nonmen yon siksesè pou vin ranplase nimewo 1 an.

Pòtpawòl gwoup la, Abu Omar al-Muhajir, te di nan yon anrejistreman odyo ki te pibliye sou Telegram, "jihadis IS yo te fè sèman pou Abu Hassan al-Hashimi al-Qurachi".

Nan anrejistreman yo konfime lanmò ansyen lidè IS a ansanm ak tout ansyen pòtpawòl li a.

"Abu Ibrahim al-Hachimi al-Qurachi ak tout pòtpawòl ofisyèl Eta Islamik (...) Abu Hamza al-Qurachi te mouri dènyèman nan atak yo", nouvo pòtpawòl la ajoute.

Ansyen lidè IS la te tiye tèt li ak yon bomb, pandan fòs espesyal ameriken tap mennen yon operasyon nan yon zòn ki anba kontwòl jihadis yo, Prezidan Ameriken Joe Biden te di 3 fevriye pase a.

XS
SM
MD
LG