Accessibility links

Breaking News

Etazini Pral Relouvri Konsila li Nan Kiba, Ki Fèmen Depi 2017


FILE - A security guard stands outside the U.S. Embassy in Havana, Cuba, Dec. 12, 2017.
FILE - A security guard stands outside the U.S. Embassy in Havana, Cuba, Dec. 12, 2017.

Timothy Zuñiga-Brown, ki se chaje dafè nan anbasad Etazini nan La Havàn deklare ke Konsila Ameriken an nan Kiba, ki te fèmen depi 2017, pral rekòmanse aktivite yo, yo pral bay viza nan yon fason ki "limite".

Anons sa te Jedi a rive plis pase kat ane apre li te sispann sèvis sa a e li te retire pifò diplomat ki soti Kiba akoz sispèk yo te vize pou atak misterye yo.

Chargé Afè anbasad La Havàn lan di ke yo pral rekòmanse trete kèk dosye viza imigran ki gen dokiman yo ki konplè, men li pa bay yon dat ke aktivite yo ap rekòmanse.

Sèvis nou sa yo ki te Fèmen te kreye anpil pwoblèm pou migran ki pat ka wè fanmi yo.

XS
SM
MD
LG