Accessibility links

Breaking News

Moskou te di li sezi "Kontwòl Konplè" vil Kherson


UKRAINE-CRISIS/BUCHA
UKRAINE-CRISIS/BUCHA

LaRisi ogmante atak sou vil yo nan Ikrèn mèkredi pandan 2 kan yo fè konnen yo kontwole yon vil estratejik e eksprime volonte pou yo rekoumanse chita-pale pou fini gè a ki preske gen yon semèn.

Moskou te di li sezi "kontwòl konplè" vil Kherson, yon vil ki gen apeprè 250-mil moun nan Lanmè Nwa a, pawòl ke konseye prezidansyèl Ikrèn Oleksiy Arestovych demanti.

Sepandan Majistra kominal Kherson, Igor Kolykhayev, di te gen sòlda ris nan lari vil la.

"Te gen vizitè ame nan komite ekzekitif vil la jodia," se sa majistra a di, dapre sa ajans nouvèl Reuters rapòte e li ajoute, "Ekip mwen an ak mwen-menm se moun pasifik -- nou pa te gen zam e pa te gen agresyon bò kote pa nou."

"Mwen pa te pwomèt yo anyen... M te sèlman mande yo pou yo pa tire sou moun," sete pawòl majistra a toujou.

Si se vre, se ta premye gran vil ki tonbe anba men Ris yo nan envazyon an ki la depi yon semèn.

XS
SM
MD
LG