Accessibility links

Breaking News

Jwèz Foutbòl Pwofesyonèl Amerikèn pral touche menm Kòb Avèk Foutbolè Gason yo


CONCACAF US Women
CONCACAF US Women

Jwèz foutbòl pwofesyonèl amerikèn yo rive jwenn yon antant istorik ak òganizasyon k ap jere foutbòl balon won an Ozetazini pou mete fen nan yon konfli legal ki te la depi 6 zan pou kesyon egalite salè.

Gras ak antant la, medam yo pral touche antou 24 milyon dola plis bonis, sa ki fè yo pral touche menm kòb avèk foutbolè gason yo.

Federasyon Nasyonal Foutbòl Etazini an ak Asosyasyon Foutbòl Medam yo anonse antant la ki prevwa pou foubolèz yo pataje yon sòm 22 milyon dola pa sezon, plis yon tyè nan lajan yo t ap chache pou domaj yo sibi sou teren an.

Se konsa tou federasyon an dakò pou l tabli yon fon 2 milyon dola kòm benefis pou jwèz pwofesyonèl yo apre karyè yo va fini e pou ede efò charite k ap fèt pou ankouraje devlopman spò foutbòl la pami fanm yo Ozetazini.

XS
SM
MD
LG