Accessibility links

Breaking News

Jistis-USA: Kou Siprèm nan Pral Pran yon Desizyon sou Dosye Moun ki Mande Azil e k Ap Tann o Meksik


FILE - Migrants seeking asylum in the U.S. are being processed by the U.S. border patrol after crossing the border from Mexico at Yuma, Arizona, Jan. 22, 2022.
FILE - Migrants seeking asylum in the U.S. are being processed by the U.S. border patrol after crossing the border from Mexico at Yuma, Arizona, Jan. 22, 2022.

Kou Siprèm ameriken an ap òganize pou administrasyon Biden nan yon seyans depozisyon tou kout pou wè si jij yo dwe elimine yon politik gouvènman ansyen Donald Prezidan Trump la te adopte e ki oblije moun ki aplike pou azil politik rete tann o Meksik desizyon yon tribinal imigrasyon.

Nan jounen vandredi 19 fevriye a, jij yo te aksepte tande avoka gouvènman an ki vle ale an apèl ak desizyon kèk tribinal pi ba nivo ki te oblije administrasyon an remete politkik “Rete o Meksik” la nan plas li, politik ke ansyen prezidan an te kòmanse aplike an 2019.

2 pati yo pral prezante agiman yo nan mwa d avril pwochen e Kou Siprèm nan gen pou anonse desizyon l nan fen mwa jen an.

Prezidan Joe Biden te sispann pwogram “Rete o Meksik” la depi sou premye jou l sou pouvwa a.

Sepandan, apre kèk eta ki anba kontwòl Repibliken yo te ale nan tribinal ak afè a, yon jij federal te pase lòd pou yo remete politik la nan plas li.

Yon panèl 3 jij ta pral kore desizyon sa a.

XS
SM
MD
LG