Accessibility links

Breaking News

Yon Pwosè pou Fwod ak Vòl Lajan Kont Vatikan


Vatican Pope
Vatican Pope

Yon pwosè pou gwo fwod ak vòl lajan k ap fèt kont Vatikan an kòmanse ekspoze kèk reyalite moun pa ta kwè sou fason Sen Syèj la opere.

Yon nouvo istwa espyonaj kòmanse fè nouvèl e li gen plis sispenns ladan l pase yon film seri 007.

Dapre temwayaj laprès te jwenn jedi 17 fevriye a, youn nan pi gwo pwòch kolaboratè Pap Franswa te mennen nan biwo li kèk manm Sèvis Sekrè Italyen an pou elimine ti bet ki te anndan an epi li te resevwa enfòmasyon sekrè nan men yo.

Men, vizit sa a depase lontan fason pwòp polis Vatikan an fè travay yo. Pèsonalite ki poze aksyon sa a se Achevèk Edgar Pena, ki se otorite No. 2 nan Sekretarya Deta Vatikan an.

Sa l fè a soulve kèk kesyon fondamantal sou sekirite ak souverènte eta ki rele Site di Vatikan an..

XS
SM
MD
LG