Pelosi fè anons la nan jounen jedi a nan moman La Mezon Blanch espere sèvi ak mesaj sa a pou fè pandemi an tounen yon istwa pase e depase pou pèp ameriken an.
Se premye fwa mesaj sou Eta Inyon an pral dewoule devan yon chanm ranpli depi pandemi an te eklate pou l te oblije otorite yo mete restriksyon sou moun k ap antre nan Kongrè a. Sepandan gen yon chans pou evennman an tounen yon lòt okazyon k ap montre piblik la gwo divizyon ki egzite ant gouvènman an ak manm Kongrè a sou kesyon KOVID-19 la.