Accessibility links

Breaking News

Keke Palmer Pran Inisyativ pou Kreye Pwòp Opòtinite pa l nan Hollywood


Foto Achiv: Keke Palmer nan seremoni remiz pri NAACP yo nan vil Pasadena, Kalifoni.
Foto Achiv: Keke Palmer nan seremoni remiz pri NAACP yo nan vil Pasadena, Kalifoni.

Keke Palmer pase preske mwatye lavi'l ap travay kom aktris, men li di pa gen anpil wol pou tifi nwa yo.

Olye li rete tris oubyen vekse, li deside apiye pwop tet pa'l epi kreye pwop pwoje pa li yo.

Premye gwo chans Palmer a te vini le li te gen 11 zan, le li te jwe yon jen demwazel ki se moun Sid Los Angeles nan film Akeelah and the Bee.

'Jere Karyè ou' se Konsèy Aktris Nwa Amerikèn Keke Palmer pou Jenès la
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:29 0:00

Kounyea li se aktris prensipal film Alice la, ki rakonte istwa yon esklav Ameriken e ki baze sou yon vre istwa. Men li di opotinite konsa ra anpil.

Palmer di mesaj li genyen pou lot jen akte yo se jere pwop karye ou epi kreye pwop kontni pa nou.

Mwa Fevriye a se mwa istwa nwa yo, Ozetazini.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG