Accessibility links

Breaking News

Sena Ayiti Mande Minis Planifikasyon an Remèt Biwo Sena l, Machin ak Delko ki nan Men li


HAITI-POLITICS/
HAITI-POLITICS/

Nan kad yon mouvman ke res Sena Repiblik la te lanse pou yo te pran kontwòl byen sena a, yo te bay tout ansyen senatè yo yon delè 15 jou pou yo te remet tout byen leta ki nan posesyon yo.

Prezidan Sena Ayisyen an Joseph Lambert, mande Ansyen senatè Ricard Pierre pou l remèt Sena aparèy leta ki nan men li.

Prezidan Sena a mande aktyèl Minis Planifikasyon pou li remèt tou, yon machin ak yon jeneratè sena repiblik la ki an posesyon li.

Joseph Lambert deklare tou gen plizyè nan sènatè yo ki gen manda yo ki fini nan mwa janvye 2022 a ki deja remèt biwo yo ak byen ki te an posesyon yo pami yo gen Dieudonne Luma Etienne, Youri Latortue, Nenel Cassy, e plizyè lòt senatè anko.

XS
SM
MD
LG