Accessibility links

Breaking News

Itali: Manda Entènasyonal pou Arestasyon Robinho, ke Lajitis Kondane pou Vyòl


L'attaquant international brésilien Robinho, ancien joueur de l'AC Milan ou du Real Madrid, 9 août 2017.
L'attaquant international brésilien Robinho, ancien joueur de l'AC Milan ou du Real Madrid, 9 août 2017.

Biwo avoka gouvènman an nan Milan pibliye yon manda entènasyonal pou arestasyon jwè foutbòl brezilyen Robinho e mande ekstradisyon li, lajitis kondane li pou li pase 9 ane nan prizon pou vyòl.

Li pral trè difisil pou arete jwè brezilyen a, ki nan Brezil epi ekstrade li nan peyi Itali, paske konstitisyon peyi Brezil entèdi ekstradisyon yon sitwayen li nan yon lòt peyi etranje.

Manda arestasyon entènasyonal sa a, reprezante yon gwo risk pou Robinho paske paske si li vwayaje nan yon peyi ki gen akò ekstradisyon ak Itali yo ap arete li.

Jacopo Gnocchi ki se avoka viktim nan di AFP "Pou nou, sa pa pwoblèm nan ki peyi li al nan prizon sa ki enpòtan sè ke li ale nan prizon."

Yon Tribinal nan peyi Itali te konfime an janvye ke yo bay Robinho yon santans prizon pou 9 lane pou vyòl yon jèn fanm.

Dapre sa medya an Itali di nan epòk la, Robinho ak 5 nan zanmi li yo te swadizan fè yon fanm Albanyen 22-zan bwè anpil tafya e apre ale nan "relasyon seksyèl ak plizyè nan yo, youn apre lòt".

Nan ane 2019 lajistis nan Angletè te mete Robinho anba kod paske yo te sispèk li te vyole yon fanm nan yon nayklib .

XS
SM
MD
LG