Accessibility links

Breaking News

Sena Etazini an bay Apwobasyon Final li Pou Evite Gouvènman an Fèmen


US Senator Kyrsten Sinema (D-AZ)
US Senator Kyrsten Sinema (D-AZ)

Sena Etazini an bay apwobasyon final li jedi pou yon pwojè-lwa k ap evite gouvènman an fèmen pandan wikenn nan.

Sena a voye bay Prezidan Joe Biden yon mezi ki finanse ajans federal yo jiska sezon otòn nan pou bay palmantè nan tou le 2 pati yo plis tan pou yo negosye pou jwenn yon antant ki te dwe fèt lontan deja.

Dènye pasaj pwojè-lwa a, ki te fèt ak patisipasyon tou le 2 pati yo, soti 65 pou ak 27 kont, kidonk 5 vwa plis pase 60 li te bezwen an. Chanm Reprezantan an te apwouve li byen fasil semèn pase a. Chak pati te konkli ke si gouvènman an fèmen nan yon ane eleksyon, sa ta fè gwo dega nan politik la, espesyalman pandan yon pandemi ak yon konfwontasyon ak LaRusi sou yon posib envazyon li nan Ukrèn.

Senatè Repibliken Mike Braun, ki reprezante eta Indiana pwopoze yon aksyon ki pa gen fòs lwa, ki mande pou Kongrè a ta balanse bidjè federal la nan 10 lane pou pita.

XS
SM
MD
LG