Accessibility links

Breaking News

Jistis USA: Enpòtans Laj pou Pwochen Jij nan Kou Siprèm nan


FILE - The US Supreme Court is seen in Washington, DC, on Feb. 8, 2022.
FILE - The US Supreme Court is seen in Washington, DC, on Feb. 8, 2022.

Si yon moun te ka rezime rechèch Prezidan Joe Biden ap fè pou l jwenn yon kandida pou yon pòs jij nan Kou Siprèm nan epi prezante rechèch sa a sou fòm yon anons piblisitè, li te kapab di: "N ap chache yon jiris liberal ke moun respekte.

Fòk se yon moun nwa oubyen yon fanm. Si ou se yon granmoun aje, ou pa bezwen aplike."

Reyalite a pou prezidan ki pi aje a nan listwa Lezetazini, sè ke yon jiris jenn gen yon gwo chans pou l ranpòte konkou a.

Plis kandida a jenn, se pi lontan li va okipe plas jij la nan Kou Siprèm nan.

Pi lontan li va sèvi kòm jij, se pi lontan liberal yo ka espere konsève yon plas nan Gran Tribinal la kote nou jwenn jodi a 6 jij konsèvatè pou 3 jij liberal.

XS
SM
MD
LG