Accessibility links

Breaking News

Lapolis Ondiras Arete Ansyen Prezidan Hernadez sou Demand Lèzetazini


Police detain ex-Honduras president Hernandez as U.S. seeks extradition
Police detain ex-Honduras president Hernandez as U.S. seeks extradition

Lapolis nan peyi Ondiras arete ansyen prezidan Juan Orlando Hernandez, sa ki reprezante kòmansman yon pwosesis pou satisfè yon demand gouvènman ameriken an fè pou yo ekstrade l Ozetazini pou trafik dwòg ak lavant zam.

Arestasyon sa a fèt madi 15 fevriye a yon ti moman apre yon jij ondiryen te siyen yon lòd pou sa e plis ke 3 semèn apre Hennandez te kite pouvwa a.
Sa rive tou plizyè lane apre akizasyon pa t sispann tonbe sou do ansyen lidè a pou di li gen bon jan koneksyon avèk trafikan dwòg yo.
Ministè Sekerite Nasyonal la, ki te fè ansèkle kay Hernandez depi lendi swa, te pase alaksyon rapidman pou arete misye.
Li kite lakay li anba men lapolis e li te gen yon levit anti-bal sou li. Apre sa li te antre nan yon machin polis ki pati avèk li.
XS
SM
MD
LG