Accessibility links

Breaking News

Kiba: Lajistis Pran Santans Byen Sevè Kont Yon Gwoup Manifestan


Cuba Opposition
Cuba Opposition

Nan Kiba, lajistis pran yon santans ki ale jiska 20 tan prizon kont yon gwoup moun ki te tonbe anba akizasyon dèske yo te patisipe nan yon mouvman pwotestasyon ki te gaye atravè tout peyi a nan mwa jiyè 2021.

20 akize yo jwenn santans yo nan pwovens Holguin, ki nan pati lès peyi a, apre yon tribinal te jwenn yo koupab mwa pase a pou tantativ soulèvman popilè.
Se paran akize yo ki rapòte nouvèl sou santans la madi 15 fevriye a. Plizyè santèn moun te rete tann piblikasyon vèdik yo apre dewoulman pwosè ki te fèt lòt kote tou. Nan dat 11 ak 12 jiyè 2021, plizyè milye moun te pran lari nan divès vil atravè Kiba -anpil nan yo t ap pwoteste kont pwovizyon yo pa t jwenn pou achte, salè yo ki te two ba, blackout, avek kont gouvènman sosyalis la.
XS
SM
MD
LG