Accessibility links

Breaking News

COVID-19 Gate Plan Piblikasyon Nouvo Film Misyon Enposib yo


Foto Achiv: Tom Cruise ak Hayley Atwell pandan tounaj film "Mission: Impossible 7" nan vil Wom ann Itali, 13 Oct. 2020.
Foto Achiv: Tom Cruise ak Hayley Atwell pandan tounaj film "Mission: Impossible 7" nan vil Wom ann Itali, 13 Oct. 2020.

7em ak 8em film nan seri Mission Impossible (Misyon Enposib) la ki gen kom vedet akte Ameriken Tom Cruise ranvwaye pou ane 2023 ak 2024 akoz pandemi COVID-19 la. Se sa responsab Paramount Pictures ak Skydance yo fe konnen nan yon deklarasyon yo pibliye.

Misyon Enposib 7 te sipoze soti nan sal sinema toupatou nan mwad Septanm 2022 a. Yo te planifye pou Misyon Enposib 8 limenm soti nan mwad Juiye 2023.

Nouvo dat yo anonse pou film sa yo se 14 Juiye 2023 pou Misyon Enposib 7 epi 28 Jyen 2024 pou Misyon Enposib 8 la.

Sal sinema toupatou Ozetazini, pami yo AMC Entertainment epi Cinemark Holdings Inc. toujou poko reprann yo apre dega pandemi a fe nan biznis yo.

XS
SM
MD
LG