Accessibility links

Breaking News

Olaf Scholz Deklare Peyi yo nan Loksidan "Pare pou yon Dyalòg Serye ak LaRisi


UKRAINE-CRISIS/RUSSIA-GERMANY
UKRAINE-CRISIS/RUSSIA-GERMANY

Chanselye alman Olaf Scholz deklare lendi ke peyi yo nan loksidan "pare pou yon dyalòg serye ak LaRisi sou kesyon sekirite ann Ewòp" men ke y-ap tann tou pou Prezidan ris Vladimir Putin soulaje menas envazyon ke li ka fè nenpòt lè nan Ikrèn nan.

Scholz ofri Kremlen an yon nouvo ouvèti apre reyinyon li sot fè ak Prezidan Ikrèn Volodymyr Zelenskiy nan Kyèv, menm lè Etazini ak alye-li-yo avèti ke Putin ka lanse yon atak masif sou Ikrèn nan kèk jou konsa ak yon misil ak yon bonbadman aeryen, epi yon envazyon atè byen rapid.

LaRisi pa fè okenn kòmantè touswit sou deklarasyon Scholz yo. Sepandan anvan sa, minis afè etranjè ris Sergey Lavrov te bay Putin lide pou-l kontinye fè chita-koze ak Etazini e ak peyi l-OTAN yo, malgre loksidan rejte prensipal ekzijans Putin nan ki se elimine lide pou Ikrèn ta antre nan l-OTAN an.

XS
SM
MD
LG