Accessibility links

Breaking News

Camilla, Madanm Eritye Twòn Grand Bretay la Prens Charles Teste Pozitif pou COVID


ব্রিটেনের সিংহাসনের উত্তরসূরি প্রিন্স চার্লস-এর সহধর্মিণী, ক্যামিলা, ডাচেস অফ কর্নওয়াল। ফেব্রুয়ারি ১০, ২০২২। (পুল ছবি- রয়টার্স)
ব্রিটেনের সিংহাসনের উত্তরসূরি প্রিন্স চার্লস-এর সহধর্মিণী, ক্যামিলা, ডাচেস অফ কর্নওয়াল। ফেব্রুয়ারি ১০, ২০২২। (পুল ছবি- রয়টার্স)

Duchess Cornwall la teste positif pou COVID-19 e li deside antre nan izòlman dapre yon komunike ki soti nan rezidans li ki se Clarence House. Nou ap kontinye suiv konsiy gouvenman an.

Charles ki gen 73 zan te teste pozitiv pou COVID-19 pou yon dezyèm fwa semèn pase a. Clarence house pa bay dènye nouvèl sou kondisyon ni e li pa bay plis detay nonplis tou sou Camilla yè lendi a.

Men ni Charles, ni Camilla yo te pran tout vaksen yo nèt kont covid-19 e yo te menm pran dòz booster a.

Daprè sa yon sous wayal di ajans nouvel Reuters semèn pase a, Charles te rankontre avek manman ni rèn Elizabeth 2 jou anvan li te teste pozitiv pou COVID-19 la. Sous la fè konnen ke rèn nan pa montre oken sentom, Men ke yap kontwole sityasyon an.

Charles te teste positive pou virus la anvan sa nan mwa Mas 2020 lè li te di li te gen chans paske li te selman gen sentòm lejè. Pitit li prens William li mènm tou te trape COVID yon ti tan aprè papa li nan lane 2020..

XS
SM
MD
LG