Accessibility links

Breaking News

Franse ki Dekouvri Viris VIH la, Luc Montagner Mouri


Foto Achiv: Savan Franse Luc Montagnier pandan yon entevyou an 2006 nan vil Paris.
Foto Achiv: Savan Franse Luc Montagnier pandan yon entevyou an 2006 nan vil Paris.

Chèchè Franse Luc Montagnier, ki te ranpote yon pri Novel an 2008 pou dekouvèt viris VIH la mouri a laj 89 an.

Otèl de Vil Neuilly-su=Seine nan fè konnen Montagnier mouri Madi nan Lopital Ameriken an ki sitye nan yon banlye a lwès Paris.

Misye te yon virolog e li te dirije ekip ki an 1983, te idantifye viris iminodefizyans imen an ki koze maladi SIDA a.

Li te komanse eksprime opinyon ki pa gen okenn baz syantifik nan fen ane 2000 yo, e sa te lakoz anpil moun nan kominote syantifik entènasyonal la te kouri pou li.

Nan moman COVID-19 la ap pwopaje toupatou nan mond lan, Montagnier te pami moun ki te apiye dezenfomasyon sou orijin viris la.

XS
SM
MD
LG