Sou paj "Twitter" Kominikasyon Ayiti, Gouvènman an te fè anons sila: "Gouvènman an, akòz gwo pwoblèm ekonomik peyi ap travèse, deside ane sa, li p ap òganize kanaval nasyonal la, men li chwazi pito akonpanye kek meri ki vle fè kanaval apre yo fin evalye sitiyasyon sanitè ak kesyon sekirite".
Ayiti ap konfwonte anpil pwoblèm apre Prezidan Ayisyen an Jovenel Moise mouri asasinen nan rezidans prive-l nan Pèleren 5 7 Jiye 2021.