Accessibility links

Breaking News

Ki Mesaj Etazini Genyen pou Ayiti a l'Okazyon 7 Fevriye?


Manifestan pote yon fo sekey nan moman yap pwoteste pou mande jistis pou defen Prezidan Jovenel Moise nan Potoprens, 7 Fevriye 2022.
Manifestan pote yon fo sekey nan moman yap pwoteste pou mande jistis pou defen Prezidan Jovenel Moise nan Potoprens, 7 Fevriye 2022.

VOA Kreyòl poze Depatman d'Eta a kesyon pou konnen ki mesaj Etazini genyen pou Ayiti nan okazyon 7 Fevriye a. Men repons yon pòt pawòl ba nou.

"Lèzetazini lanse apèl bay gouvènman Ayisyen ak sosyete sivil la pou patisipe ak tout senserite nan diskisyon pou travay ansanm pou jwenn yon sèl akò ki va debouche sou eleksyon lib e onèt, e ki ta dwe dewoule lè kondisyon yo nan peyi a pwopis pou fè sa. Se Ayisyen toupatou nan peyi a e ki reprezante tout ideyoloji yo - nan sosyete sivil la, sektè prive a, pati politik yo ak responsab eli-yo - ki pou kreye kondisyon kap pèmèt yon gouvènman demokratikman eli, lejitim monte sou pouvwa a pi vit posib.

Pou fè fas ak defi ensekirite a, Etazini apiye Polis Nasyonal Ayisyen an depi lontan, e nap chache fason pou ogmante sipò nou fas ak gwo defi sa a prezante. Met sou idantifye ak mobilize plis resous Ameriken, nap travay ak patnè entènasyonal nou yo pou idantifye lot sous asistans finansye ak teknik ki takapab bay sipò itil nan moman kritik sa a.

Etazini rete yon patnè fèm pou Ayiti, e administrasyon Biden-Harris la kontinye pran angajman pou apiye pèp Ayisyen an pandan peryòd difisil sa a."

VOA Kreyol mande tou si Etazini pral kontinye apiye Ariel Henry kom premye minis ou eske y ap apiye desizyon gwoup Montana a?

"Nou rekonèt ke manda 5-an Prezidan Moise la tap bout 7 Fevriye 2022, e ke Ayiti ta dwe ap wè yon prezidan demokratikman-eli prete sèman jou sa a. Asasina Prezidan Moise la, 7 Jiyè 2021, plonje Ayiti pi fon nan yon kriz politik ke konstitisyon peyi a pat prevwa. Kidonk 20 Jiyè 2021, Gouvènman Ayisyen an enstale Ariel Henry - ke Prezidan Moise te nomen - kòm premye minis.

Depi asasina a nou lanse apèl san rete bay pati konsène Ayisyen pou yo antann yo yon fason inifye pou travay pou òganize eleksyon lib e onèt lè kondisyon yo pwopis. Nou kontinye travay ak responsab Ayisyen yo, pami yo Premye Minis Henry - pou reponn bezwen pi ijan Ayiti yo, ladann gen ensekirite a, rekonstriksyon apre dezas epi vaksinasyon kont COVID-19.

Etazini pa prefere ni apiye okenn kandida ni pati politik nan pwosesis elektoral Ayisyen an; desizyon sou kiyès ki pou dirije Ayiti rete nan men Ayisyen. Lè eleksyon ka dewoule, Etazini ap pare pou ede pwosesis elektoral la epi kontinye apiye gouvènman an."

Korespondan VOA nan Depatman d'Eta, Nike Ching, kontribye a repotaj sa a

XS
SM
MD
LG