Accessibility links

Breaking News

Fritz Jean Mande yon Gouvènman Tranzisyon pou 2 an


HAITI-POLITICS/
HAITI-POLITICS/

Vandredi, Fritz Jean, lidè KonsèyNasyonal Tranzisyon an (CNT) mande pou fòme yon gouvènman pwovizwa pou ranfòse sekirite peyi a, epi asire eleksyon lib e onet fèt nan dezan.

Vyolans gang yo simaye nan peyi enkyete plizyè politisyen. Plizyè nan yo deklare ke Ayiti pa nan kondisyon pou fè eleksyon.

Ekonomis Fritz Jean nan yon entèvyou sou Zoom avek ajans Reuters deklare "Nou pre yon sitiyasyon kote kapap gen dezòd a nenpòt ki moman ," e li ajoute ke elektè yo pa ta kapab patisipe nan eleksyon akòz pwoblèm sekirite ki genyen nan peyi a.

Gwoup la, ki rele tèt li Akò Montana, te vote ekonomis Jean, ki gen 65 an, pou vin dirije peyi a ak yon gouvènman pwovizwa pou ranplase Premye Minis Ariel Henry.

Gwoup Akò Montana a, gen ladan lidè sivik, ansyen politisyen, jounalis, ekonomis ak antreprenè ki te chita ansanm pou prèske yon ane pou diskite sou yon platfòm politik

Doktè Henry, ki jwenn sipò plizyè peyi - pami yo Etazini ak plizyè gwo pisans peyi etranje, te "tweet" ke pwochen gouvènman ki pral dirije peyi se se yon prezidan eli ki soti nan eleksyon la ye.

Ajan Reuters te kontakte biwo premye minis la sou chwa group Akò Montana a, yo te refere Reuters a yon diskou 17 janvye 2022 kote Dr Henry te deklare se yon prezidan eli "ke pep Ayisyen chwazi ki ap antre nan palè nasyonal la".

Gang yo an Ayiti ap fè kidnaping gwo lajounen, gen plizyè katye ki sou kontwòl gang yo, e gouvènman an oblije anile Kanaval Nasyonal la akoz kout zam ant lapolis ak gwoup kriminèl yo.

Ekonomis Jean deklare "Nou pa ka pale de eleksyon nan moman kote gen tout vyolans sa yo nan peyi a. Si moun yo pa ka patisipe, ki kredibilite eleksyon sa yo ap genyen?"

Jean di, ke gouvènman Ariel Henry a pa kontwole mwatye nan Pòtoprens e ke kapital la pa aksesib akòz prezans gang yo. "Si w gen eleksyon nan anviwonman sa a, sa ka vle di nou ap bay gang yo plis kontwòl".

XS
SM
MD
LG