Accessibility links

Breaking News

Omaj pou Rèn Elizabeth nan Okazyon 70èm Anivesè l kòm Rèn


সিংহাসনে রানী এলিজাবেথের সাত দশক পূর্ণ হওয়া উপলক্ষ্যে লন্ডনের বাকিংহাম প্যালেসে রানী দ্বিতীয় এলিজাবেথ। (ছবি- ইউই মক/ পুল ফটো/ এপি)
সিংহাসনে রানী এলিজাবেথের সাত দশক পূর্ণ হওয়া উপলক্ষ্যে লন্ডনের বাকিংহাম প্যালেসে রানী দ্বিতীয় এলিজাবেথ। (ছবি- ইউই মক/ পুল ফটো/ এপি)

Prens Charles nan Grand Bretay te dirije dimanch omaj pou manman ni Rèn Elizabeth nan okazyon 70 zyèm anivesè jou rèn nan te moute chita sou twòn nan. Prens Charles di se yon okazyon pou peyi a uni e selebre sèvis ke rèn nan te rann nasyon an.

Charles remèsye rèn nan pou deklarasyon samdi a kote-l te di li espere madanm eritye twòn nan, Camilla, pwal tounen madanm Wa, lè prens Charles vin Wa.

Prens Charles di nan yon komunike : Nou vrèman santi nou onore pou sa manman m swete nou an . Tout lè nou t-ap chache ansanm pou nou sèvi e sipòte Majeste li ak pèp nan komunote nou yo, madanm cheri mwen an te toujou rete prop supò inebranlab mwen.

Ane Jubile Platin nan, bagay peyi a pa-t janm wè anvan, vini ak yon opòtunite pou nou tout reyini ansanm pou selebre sèvis rèn nan, ki ba nou egzanp pou nou kontinye swiv nan ane kap vini yo.

XS
SM
MD
LG