Accessibility links

Breaking News

Awondisman Miami-Dade nan Florid pral Distribye Kat Idantite pou Imigran yo


Majistra Miami-Dade Daniella Levine Cava reponn kestyon yon jounalis nan Tallahassee, Florid, 11 Janvye 2022.
Majistra Miami-Dade Daniella Levine Cava reponn kestyon yon jounalis nan Tallahassee, Florid, 11 Janvye 2022.

Komisè Miami Dade la bay yon ONG (oganizasyon non-gouvènmantal) fe vèt pou'l distribye kat idantite pou imigran kap viv Ozetazini legalman ak sa yo ki pa gen okenn idantifikasyon.

Moun ki an favè lide sa a di san kat idantite migran yo redi pou gen aksè ak lekol, tès kowonaviris epi vaksen.

Yo fè remake tou ke kat idantite yo pral pèmèt sitwayen yo sèvi ak resous bibyotèk yo, sant rekreyasyon, epi abri pou move tan.

Yo te apwouve mezi a ak yon vot 7-2 Madi. Gen 2 komisè ki te gen kè sote dèske plan an taka debouche sou fwod.

Komisè Rene Garcia, yon Repibliken, di lè li te senatè li te prezante yon pwojè lwa pou pèmèt imigran kap viv Ozetazini legalman gen pèmi pou kondwi. Plan sa a pat pase. Li di nouvo plan sa a ki sot pase a ba li kè sote paske se yon òganizasyon charite kap jere'l.

Komisè Jean Montestime, ki se yon Ayisyen, di li kontan ke li te gen pèmisyon enskri nan lekòl epi jwenn yon kat idantite pou etidyan lè li te fèk rive Ozetazini soti Ayiti.

"Mwen te rive isit antanke Ameriken san dokiman, e lè mwen te enskri nan lekol, gen yon moun ki reyalize ke mwen patap bay manti," Monestime deklare. "Paske mwen pat gen pèsonn pou idantifye'm."

XS
SM
MD
LG