Accessibility links

Breaking News

Mezon Blanch: Etazini 'Pa Deplwaye Twoup li yo an Ewòp pou al nan Lagè' ak Larisi


U.S. Army officers after arrival at the Rzeszow-Jasionka airport in southeastern Poland, on Saturday, Feb. 5, 2022, coming from Wiesbaden, Germany where a U.S. Army administration garrison is based.
U.S. Army officers after arrival at the Rzeszow-Jasionka airport in southeastern Poland, on Saturday, Feb. 5, 2022, coming from Wiesbaden, Germany where a U.S. Army administration garrison is based.

Konseye sekirite nasyonal Mezon Blanch la Jake Sullivan deklare dimanch, ke 3,000 sòlda ke gouvènman an deplwaye an Ewòp, pa ale pou "kòmanse yon lagè" kont Larisi.

Nan yon emisyon Chèn televizyon chen Ameriken Fox News, Sullivan di ke "Prezidan Joe Biden te klè sou dosye Ikrèn lan, li pap voye twoup pou al fè lagè ak Larisi nan Ikrèn . Nou voye twoup sa yo an Ewòp pou al defann teritwa Òganizasyon Trete Nò Atlantik la (OTAN) ".

Nan yon lòt deklarasyon sou NBC News Jake Sullivan te di ke " yon envazyon militè nan Ikrèn ka rive nenpòt ki lè".

"Nou kwè ke Larisi pral lanse yon gwo operasyon militè nan peyi Ikrèn, epi n ap travay di pou prepare yon repons".

Nan "kriz Ikrèn Larisi" a Prezidan Biden te bay Ikrenyen yo sipò materyèl , e li te ofri Larisi yon chemen diplomatik pou rezoud kriz la.

Prezidans Ikrenyen an, bò kote pa l, te jije ke pa gen anpil chans pou yo jwenn yon "solisyon diplomatik" nan kriz la ak Larisi.

Ajans entèlijans ameriken yo estime ke Moskou deja gen 70% resous ki nesesè pou li lanse yon envazyon militè nan Ikrèn.

.

XS
SM
MD
LG