Accessibility links

Breaking News

Billboard Nomen Olivia Rodrigo Fanm Ane a


Olivia Rodrigo performs "Good 4 U" at the MTV Video Music Awards on Sept. 12, 2021, in New York.
Olivia Rodrigo performs "Good 4 U" at the MTV Video Music Awards on Sept. 12, 2021, in New York.

Billboard nomen jen atis Olivia Rodrigo Fanm Ane a. Sa mete mamzel nan menm kategori ak Taylor Swift, Cardi B ak Billie Eilish.

Yo pral onore Rodrigo pandan seremoni remiz pri mizik anyel Atis Fanm Billboard la 2 Mas kap vini an.

Premye tib li "SOUR" te bat tout kalite rekò streaming epi ranpòte li yon paket pri ak nominasyon.

Loreya pri Billboard tankou Gabby Barrett, Phoebe Bridgers, Doja Cat, Karol G, Bonnie Rait, Saweetie ak Summer Walker pral resevwa twofe tou.

"SOUR" te kraze rekò streaming yo, epi tou le 11 chante ki sou albom nan te pami 30 mizik pi sou lis Billboard pibliye pou 100 chante fanatik yo pi renmen yo. Li se premye atis fanm ki atenn sa nan karye li.

XS
SM
MD
LG