Accessibility links

Breaking News
Azi

La Chin Rakousi Relè Tòch Olenpik la


Premye atlet Chinwa kap pote toch olenpik la, Luo Zhihuan apre li sot resevwa li nan men Vis Premye Chinwa Han Zheng anvan rele toch la pou Jezolenpik Ive 2022 yo nan Peken, 2 Fevriye 2022.
Premye atlet Chinwa kap pote toch olenpik la, Luo Zhihuan apre li sot resevwa li nan men Vis Premye Chinwa Han Zheng anvan rele toch la pou Jezolenpik Ive 2022 yo nan Peken, 2 Fevriye 2022.

Rele tòch olenpik 3 jou a pou Jezolenpik Peken yo tanmen ak yon ansyen patinè glas ki gen 80 zan ki pote flanm nan.

Yo rakousi relè a ane sa a akoz ke sote yo genyen poutèt pandemi kowonaviris la.

Luo Zhihuan kouri premye etap la. Li se premye patinè glas gwo vitès Chinwa ki patisipe nan konpetisyon entènasyonal.

Toch olenpik la pral travèse 3 zòn Olenpik. Li pral derape anba lavil Peken, anvan li pase nan distri Yanquing nan epi finalman hangjiakou a ki sitye nan pwovens vwazwen Hebei la.

Je Peken yo afekte anpil ak pandemi a, menm jan ak Jezolenpik ete Tokyo yo ane pase a.

La Chin di se spektatè li chwazi selman kap gen dwa asiste evenman spòtif la.

XS
SM
MD
LG